Accessibility links

Breaking News

Bon Jan Reyaksyon ann Ajantin aprè Eleksyon Kadinal Ajanten Jorge Bergoglio kòm Nouvo Pap


Frè ak sè m yo, bonswa. Tankou nou konnen, objektif konklav la sete pou l bay Wòm yon evèk. Sanble frè kadinal mwen yo ale jiskobou di mond pou yo fè chwa sa a. Eben, men mwen.”

Se premye pawòl ki sòti nan bouch Kadinal Jorge Mario Bergoglio, nouvo chèf Legliz Katolik Womèn nan, aprè li te parèt devan plizyè milye fidèl ki te reyini sou plas Sen Pyè a, mèkredi 13 mas 2013 la, pou tann anons ki ta pral fè konnen kilès ki pral ranplase Pap Benwa 16 ki te bay demisyon li nan mwa fevriye pase a. Se premye souvren pontif ki sòti nan Amerik Latin nan. Nouvo pap la chwazi kòm non François.

Ann Ajantin, se ak gwo selebrasyon pèp la (depi “l’homme de la rue” rive nan Prezidan Christina Fernandez de Kirchner) resevwa nouvèl ki anonse eleksyon yon kadinal peyi a kòm nouvo pap. Madam Iliana Pedroso se yon sitwayèn ajentin kap viv nan kapital la, Buenos Aires. Li deklare :

"Se vrèman yon gwo jwa, yon gwo kè-kontan non sèlman pou mwen, men pou tout legliz la, paske Bondye ban nou yon nouvo pap. Mwen trè kontan deske li se yon sitwayen ajanten; le fèt ke li reprezante nou, se yon bagay ki trè zenpòtan."

Bò kote pa l, Prezidan Christina Fernandez de Kirchner pa kache satisfaksyon pèsonèl li lè l te aprann se yon kadinal peyi li ki pral okipe syèj Sen Pyè a nan Vatikan an. Chèf deta ajanten an deklare, le fèt ke pap la chwazi non François a (an espayòl Francisco) sa deja montre nan ki direksyon li vle mennen legliz la. Madam Fernandez de Kirchner di :

"Nou swete ak tout kè nou ke Francisco va kapab tabli yon pi gwo nivo konpreyansyon ant pèp yo, ant relijyon yo. Le fèt ke li pran non François a (e m kwè se yon referans a Saint François d'Assise, yon sen ki te defann pòv yo), m espere sa vle di se yon opsyon pi gwo lidè legliz la chwazi pou yo finalman reyini limanite, reyini tout moun kòm kretyen-vivan egal-ego, avèk antant, lanmou, jistis ak egalite.”
XS
SM
MD
LG