Ann Ayiti, Pati Fanmi Lavalas make, nan jounen dimanch 16 desanm 2012 la, 22èm anivèsè eleksyon lidè pati a, Jean Bertand Aristide, kòm prezidan d Ayiti ak yon rankont ki dewoule nan vil Mirebalais.
Nan okazyon an, plizyè milye patizan ak senpatizan patisipe nan yon rankont nan vil Mirebalais kote oratè yo --tankou Doktè Marise Narcisse-- pale de pwoblèm peyi a ap konfwonte, yo kritike politik administrasyon Martelly-Lamothe la epi yo anonse entansyon lidè pati a pou Fanmi Lavalas patisipe nan tout nivo pwochen eleksyon yo.
Nap raple nan dat 16 desanm 1990 -swa plis pase 4 lane apre ranvèsman rejim Duvalier a- Ayiti te genyen premye eleksyon demokratik li nan tan modèn yo kote majorite pèp la (genyen sous ki bay kòm chif jiska 67 pou san elektè yo) te vote pou chwazi kandida Pati Fanmi Lavalas la, Jean Bertrand Aristide, pou dirije peyi a pou yon manda 5 an.
Aprè fen peryòd sa a, nan yon eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan fen ane 1995, yon lòt kandida ki te prezante sou labanyè Lavalas la ta pral monte sou pouvwa a, an palan de René Garcia Préval. Ni Aristide ni Préval okipe palè nasyonal la 2 fwa ann Ayiti depi pèp la te ratifye nouvo konstitisyon peyi a nan dat 29 mas 1987.