Accessibility links

 
Satisfaksyon Prezidan Martelly ak Kreyasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an
Breaking News

Satisfaksyon Prezidan Martelly ak Kreyasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, eksprime satisfaksyon pèsonèl li aprè desizyon gouvènman an pran pou l fòme sa li rele “yon konsèy elektoral pèmanan ki konfòm ak konstitisyon 1987 amande a”, menmsi li di li prevwa pral genyen pale-anpil ak kritik.

Misye Martelly ajoute li pa twò ta pou palman an voye reprezantan n nan nouvo KEP a.

Dayè lidè ayisyen an ensiste pou l di li pral travay ak Pouvwa Lejislatif la pou konplete fòmasyon konsèy la.

Klike sou ikon ki agoch pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior.
XS
SM
MD
LG