Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo di Desizyon Prezidan Trump pou l Wete Lèzetazini nan Akò Pari a sou Anviwonnman an se “yon Desepsyon”.


Prezidan Donald Trump ki tap anonse desizyon li pran pou l wete Lèzetazini nan Akò Pari a (Mezon Blanch, jedi premye jen 2017).
Prezidan Donald Trump ki tap anonse desizyon li pran pou l wete Lèzetazini nan Akò Pari a (Mezon Blanch, jedi premye jen 2017).

Lidè mondyal yo ak gwoup kap defann anviwonnman an fè konnen yo desi anpil poutèt prezidan ameriken an, Donald Trump, pran desizyon pou l wete Lèzetazini nan antant entènasyonal sou chanjman klimatik yo moun konnen sou non “Akò Pari a”, paske akò sa a se rezilta efò dirijan preske tout peyi nan lemond te fè pou yo jere move konsekans chanjman klimatik yo.

Militan kap defann anviwonnman an nan yon pwotestasyon devan anbasad Lèzetazini nan vil Madrid, peyi Lespay, vandredi 2 jen 2017 la.
Militan kap defann anviwonnman an nan yon pwotestasyon devan anbasad Lèzetazini nan vil Madrid, peyi Lespay, vandredi 2 jen 2017 la.

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, pale an anglè e an fransè alafwa pou l di li kwè, avèk desizyon sa a, Misye Trump komèt yon erè istorik. Chèf deta fransè a ajoute savan yo ak lidè sektè komès ak endistri a pral jwenn yon dezyèm patri nan peyi Lafrans. Li envite yo al viv sou teritwa fransè a yon fason pou yo travay ansanm pou jwenn solisyon konkrè pou pwoblèm ki menase klima a ak aviwonnman an. Li deklare an Frans, savan yo ak lidè sektè komèsyal ak endistriyèl la kapab travay “pou yo fè Planèt nou an vin gran ankò”, yon fason pou l jwe ak mo ki nan yon slogan prezidan ameriken an te itilize souvan nan kanpay elektoral la kote li te abitye di “nou pral fè Lèzetazini vin gran ankò.”

Bò kote pa l, chanselye peyi Lalmay la, Angela Merkel, di li konsidere Akò Pari a kòm “yon pa jeyan istorik”. Li ajoute :

Chanselye Peyi Lalmay la, Angela Merkel.
Chanselye Peyi Lalmay la, Angela Merkel.

<< Desizyon sa a pa pral bloke efò sila yo pami nou ki santi nou oblije pwoteje planèt Tè a. Map pale ak tout moun ki panse anvi planet nou an enpòtan: “An nou kontinye ansanm sou wout sa a yon fason pou n ranpòte siksè pou Manman Latè.” >>

Menm kalite reyaksyon an sòti nan kèk peyi ki sou wout devlopman. Pa egzanp, Prezidan peyi Gana a, John Dramani Mahama, deklare sou kont Twitter li:

“Mwen panse Lèzetazini fèk renonse ak wòl lidè li nan yon kesyon ki genyen yon enpòtans mondyal eksepsyonèl.”

XS
SM
MD
LG