Pandan rete sèlman yon semèn ak ti kras anvan sezon prentan an kòmanse, yon tanpèt livè frape koulwa nodès Etazini an, kote sèvis meteyo prevwa anviwon 60 santimèt nèj nan kèk zòn.
Te gen avètisman pou fè konnen tanpèt la pral pase nan eta tankou Nouyòk, Pennsilvani, New Jersey ak Connecticut. Anpil distri eskolè te anile klas yo pandan tanpèt puisan an tap frape rejyon an, e otorite nan kèk zòn te avèti rezidan yo pou yo pa woule sou wout yo.
Move tan an lakoz gwo pwoblèm nan ayewopò yo, pandan preske 6 mil vòl avyon te anile sou kot ès Etazini an. Tanpèt nèj la afekte tou, planifikasyon ki te fèt pou Chanselyè Almand, Angela Merkel, rankontre ak Prezidan Ameriken an Donald Trump nan Washington ki oblije ranvwaye pou vandredi 17 mas 2017 kap vini an.