Accessibility links

Breaking News

Dapre Depatman Deta Ameriken, Rejim Bashar al-Assad la nan Siri Touye pou Pipiti 50 Moun Chak Jou Epi Boule Kadav yo


Foto sa a montre yon doktè kap pran swen yon ti gason ki te blese anba yon bonbadman fòs gouvènman an, nan Hamouriyya, vwazinaj Damas, Siri, 16 me 2017. (Foto: Ghouta Media Center/AP)
Foto sa a montre yon doktè kap pran swen yon ti gason ki te blese anba yon bonbadman fòs gouvènman an, nan Hamouriyya, vwazinaj Damas, Siri, 16 me 2017. (Foto: Ghouta Media Center/AP)

Etazini akize gouvènman Siri a kòmkwa li ta ap touye yon pakèt prizonye chak jou e boule kadav yo nan yon “incinérateur” toupre kapital la, Damas.

Depatman Deta Ameriken an fè konnen gouvènman Siri a pann yon afè 50 prizonye pa jou nan prizon Saydnaya. Etazini ajoute ke rejim Prezidan Bashar al-Assad la sèvi tou ak "Incinerateur" a pou kache prèv ki ka moutre ki kantite prizonye ke li touye chak jou.

Prensipal diplomat Etazini pou Mwayen Oryan an, Stuart Jones, fè konnen rejim Damas la "desann nan yon nivo pi ba kounye a" ak asistans bò kote Larisi ak Iran, 2 peyi ki sipòte gè gouvènman Assad-la depi 6 lane kont divès gwoup rebel kap chache kapote l.

XS
SM
MD
LG