Accessibility links

Breaking News

Yon Posib Manm Pwochen Kabinè Trump la, Senatè Jeff Sessions, Reponn Kesyon yon Komisyon Kongrè a


 Sen. Jeff Sessions (R-AL) ki tap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jistis Sena a nan kad pwosesis konfimasyon li kòm Minis Jistis Lèzetazini. (Washington, 10 janvye 2017).
Sen. Jeff Sessions (R-AL) ki tap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jistis Sena a nan kad pwosesis konfimasyon li kòm Minis Jistis Lèzetazini. (Washington, 10 janvye 2017).

Ozetazini, senatè Eta Alabama a, Jeff Sessions –ki se chwa Prezidan Eli a, Donald Trump, pou okipe pòs Minis Jistis la-- defann dosye li sou kesyon dwa sivik nan depozisyon li fè nan jounen madi 10 janvye 2017 la devan Kongrè a ki mete sou pye yon seyans temwayaj sou nominasyon sa a.

Misye Sessions deklare, antwòt, li byen konprann istwa eleksyon Ozetazini montre sitwayen nwa yo te gen pou yo konfwonte pwoblèm pandan lontan. Pami tout kandida Misye Trump chwazi pou okipe yon pòs nan pwochen kabinè a, Jeff Sessions se premye moun ki konparèt semèn sa a pou fè depozisyon l devan komisyon Afè Lajistis sena a.

Misye Sessions fè kolèg senatè li yo konnen:

“Mwen dispoze mete an plas yon aplikasyon strik lwa sou dwa de vòt yo san entèferans ni diskriminasyon, paske mwen dispoze garanti entegrite pwosesis elektoral la.”

Jeff Sessions ajoute:

“Kòm yon moun ki leve nan rejyon sid peyi a, mwen te wè diskriminasyon de prè. Mwen byen konnen se yon move bagay; nou te dwe fè mye ke sa.”

Plizyè pwotestatè ki te prezan nan sal depozisyon an nan Kongrè a, te leve vwa yo byen fò pou yo di yo pa dakò ak nominasyon Jeff Sessions nan. Lapolis te gen difikilte pou mete moun sa yo deyò.

XS
SM
MD
LG