Accessibility links

Breaking News

Etazini –Jistis/Dwòg: Senatè Eli Ayisyen Guy Philippe Plede Koupab


Guy Philippe, lidè ansyen Lame Rebel la ann Ayiti, e nouvo Senatè-eli Depatman Grand ans ap fè-fas ak akizasyon trafik dwòg ak konplo pou voye kokayin Ozetazini, dapre Administrasyon anti-dwòg Ameriken an DEA.
Guy Philippe, lidè ansyen Lame Rebel la ann Ayiti, e nouvo Senatè-eli Depatman Grand ans ap fè-fas ak akizasyon trafik dwòg ak konplo pou voye kokayin Ozetazini, dapre Administrasyon anti-dwòg Ameriken an DEA.

Nouvèl ki sòti Miami, pati Sid Eta Florid, Ozetazini, fè konnen ansyen chèf polis rejyonal ayisyen Guy Philippe –ki te ranpòte yon pòs nan Sena a nan dènye eleksyon palmantè yo-- plede koupab pou akizasyon deske li te mele nan trafik dwòg ak blanchiman lajan. Korespondan nou Pierre Nazon Beaulière, ki baze nan Miami, konfime nouvèl la e li pwomèt plis detay pou anvan lontan.

Lapolis Nasyonal ki poste deyò tou pre estasyon radyo kote yo te arete Guy Philippe nan Petyon-Vil, Ayiti, 5 janvye 2017.
Lapolis Nasyonal ki poste deyò tou pre estasyon radyo kote yo te arete Guy Philippe nan Petyon-Vil, Ayiti, 5 janvye 2017.

Nan kòmansman ane 2017 la, PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) te arete Guy Philippe pandan li tap sòti nan lokal Radyo Scoop, nan Pòtoprens, kote li te sòt bay yon entèvyou apre li te fin resevwa sètifika ki rekonèt li kòm yon Senatè eli. Menm jou arestasyon an, otorite lajistis ak lapolis yo ann Ayiti te ekstrade li Ozetazini kote li te gen pou reponn akizasyon deske li te patisipe nan konplo pou fè dwòg antre sou tèritwa ameriken an.

Daprè laprès nan Miami, pami otorite ameriken ki anonse desizyon Guy Philippe la, genyen: Benjamin G. Greenberg, komisè gouvènman pwovizwa pou Distri Sid Miami an; Sibstiti Gouvènman Kenneth A. Blanco, nan divizyon kriminèl Depatman Jistis Lèzetazini; Adolphus P. Wright, ajan detektif espesyal an chaj afè a kap travay pou DEA (Ajans Ameriken ki Regle Zafè Dwòg, Divizyon Miami an); Matthew Donahue, ajan espesyal an chaj Divisyon Karayib (DEA); avek Kelly R. Jackson, ajan espsyal an chaj, Sèvis Revni Entèn (Kontibisyon), responsab rechèch kriminèl.

Rès pwosè a pral dewoule nan dat 5 jiyè 2017 la kote Guy Philippe va konnen santans li. Li kapab pran jiska 20 tan prizon.

XS
SM
MD
LG