Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, Tanmen yon Virewon sou Kontinan Azyatik la


Sekretè Deta Rex Tillerson rive nan Ayewopò Entènasyonal Haneda nan Tokyo, kote li fè premye eskal li nan yon toune an Azi. (Foto: Mèkredi 15 Mas 2017).
Sekretè Deta Rex Tillerson rive nan Ayewopò Entènasyonal Haneda nan Tokyo, kote li fè premye eskal li nan yon toune an Azi. (Foto: Mèkredi 15 Mas 2017).

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, tamen mèkredi 15 mas 2017 la yon virewon sou kontinan azyatik la avèk yon vizit nan peyi Japon. Objektif toune sa a se rebay alye Lèzetazini yo asirans epi diskite ak otorite yo sou mwayen pou yo fè fas ak menas nikleyè epi misil kap sòti bò kote peyi Kore di Nò.

Pwogram sejou Misye Tillerson nan Tokyo prevwa yon rankont ak Premye Minis japonè a, Shinzo Abé, epi minis afè etranjè a, Fumio Kishaida. Vandredi 17 mas la chèf dipomasi amerikèn nan pral nan Kore di Sid pou l rankontre ak Prezidan Pwovizwa a, Hwang Kyo-Ahn, e Minis Afè Etranjè a, Yun Byung-Sé.Sepandan Sekretè Deta a pap rankontre ak okenn pèsonalite nan opozisyon an, paske peyi a genyen pou l oganize eleksyon nam mwa me pwochen an.

Japon ak Kore di Sid se 2 peyi ki gen twoup militè ameriken sou tèritwa yo e ki twouve yo alapòte yon frap nikleyè Kore di Nò.

Japon ak Kore di Sid apiye efò Lèzetazini ap deplwaye pou l ranfòse presyon diplomatik ak ekonomik kap fèt sou Kore di Nò. Nan yon deklarasyon 7èm flòt la marin de gè Lèzetazini an pibliye, li fè konnen 3 alye yo reyalize kèk egzèsis miltiè a lès Preskik Kore a ak Japon, pou ankouraje 3 peyi sa yo menmen operasyon militè ansanm.

XS
SM
MD
LG