Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, Souliye Enpòtans Peyi Tirki nan Batay Kont Gwoup Eta Islamik la


Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, agoch, ak Minis Afè Etranje tirk la, Mevlut Cavusoglu, anvan yon reyinyon nan Ankara, 30 mas 2017.
Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, agoch, ak Minis Afè Etranje tirk la, Mevlut Cavusoglu, anvan yon reyinyon nan Ankara, 30 mas 2017.

Sekretè Deta Etazini an, Rex Tillerson, rankontre jedi 30 mas 2017 la nan kapital tirk la, Ankara, Prezidan Recep Tayyip Erdogan ak Minis Afè Etranjè a, Mevlut Cavusoglu, pou yo ekzaminen pwochen etap nan kanpay pou elimine militan gwoup Eta Islamik la. Rankont sa gen pou lòt objektif mete stabilite nan kriz refijye a nan rejyon an.

Mesye Tillerson deklare chita pale sa a bati sou 3 bi komen ki se: "elimine Daesh ki rele tou Eta Islamik, bati stabilite nan rejyon an, ak ranfòse relasyon ekonomik ant 2 nasyon yo.”

Pita nan vwayaj la, prensipal diplomat ameriken an gen pou l mete presyon sou alye yo nan l OTAN pou yo ogmante depans nan domèn defans, nan premye rankont li ak tokay li yo nan blòk sekirite a.

XS
SM
MD
LG