Accessibility links

Breaking News

Premye Diskou Prezidan Etazini an, Donald Trump, nan Kongrè a Atire Reyaksyon Depaman Bò Kote Kèk nan Lidè Mondyal yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap fè premye diskou li devan manm Kongrè a madi 28 fevriye 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap fè premye diskou li devan manm Kongrè a madi 28 fevriye 2017.

Premye diskou Prezidan Etazini an Donald Trump, ki kouvri yon pakèt sijè devan 2 chanm Kongrè yo reyini, desine yon bèl tablo pou avni Etazini. Sepandan li atire reyaksyon depaman bò kote lidè mondyal yo.

Japon byen resevwa plan Prezidan Trump la swadizan pou mete yon gwo ogmantasyon nan bidjè defans la pandan zile nasyon an kontinye ap fè fas ak yon menas nikleyè bò kote Kore di Nò e ak yon sityasyon kote Lachin ap aji yon jan ki plis pa antre nan santiman peyi yo nan rejyon Pasifik la. Sekretè an chèf kabinè Japon an, Yoshihide Suga, deklare yon ogmantasyon nan bidjè defans la ta ede kreye plis stabilite nan mond la.

Chinwa yo pa fin dakò ak diskou a, kote Mesye Trump kritike antant ki te fèt ki ta lakoz anpil faktori kite Etazini pou al tabli an Chin. Tou 2 peyi yo benefisye nan antant sa yo dapre otorite chinwa yo.

XS
SM
MD
LG