Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Anbasadè Paul Altidor, sou Pwolongasyon TPS pou Imigran Ayisyen yo


Reprezan Ayiti a Ozetazini, Paul Altidor
Reprezan Ayiti a Ozetazini, Paul Altidor

Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an soti yon nòt nan dat 22 me 2017 la kote li anonse li pran desizyon pou pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a pou imigran ayisyen kite deja genyen l yo pou yon peryòd 6 mwa, soti nan dat 23 jiyè 2017 pou rive nan 22 janvye 2018.

Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly
Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly

Nòt sa a, ki pibliye yon jou avan dat otorite imigrasyon amerikèn yo te genyen pou pran yon dènye desizyon sou dosye imigran ayisyen ki gen TPS yo, fè konnen sitiyasyon an ann Ayiti kòmanse amelyore. Minis Sekirite Teritoryal Ezetazini an, John Kelly, di:

"Ayiti fè pwogrè nan anpil domèn depi tranblemanntè devastatè 2010 la, e mwen fyè de wòl Lèzetazini te jwe pandan tan sa a pou l te ede zanmi ayisyen nou yo. Ekonomi ayisyèn nan kontinye relans li ak kwasans li, e 96 pou san moun soukous la te deplase e ki tap viv nan kan pou moun deplase anndan peyi a, deja kite kan sa yo. Sa ki pi ankourajan toujou a, sè ke plis pase 98 pou san nan kan sa yo fèmen kounyela a."

Bò kote pal, reprezantan Ayiti nan Washington, Anbasadè Paul Altidor ki tap reyaji sou desizyon otorite imigrasyon amerikèn yo pran an, fè konnen li pa etone ke se pou 6 mwa sèlman yo renouvle TPS la pou imigran ayisyen ki te deja genyen l yo.Diplomat la ajoute pou l di desizyon sa kite yon pòt louvri pou kontinye negosyasyon an ak otorite imigrasyon Etazini yo.

Yon delegasyon gouvènman ayisyen an te chita pale ak Minis Sekirite Teritoryal Ezetazini an, John Kelly, semèn pase a, pou te diskite sou yon posib renouvèlman TPS la pou imigran Ayisyen yo. Nouvèl yo te rapòte, Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise nan yon lèt te mande tokay li, premye sitwayen Ameriken an, Donald Trump, renouvle TPS la pou imigran ayisyen yo pou yon peryòd 18 mwa.

Anbasadè Altidor di sa ki te ka pi mal la se si otorite amerikèn yo te deside elimine TPS la nèt. Men yo te antan yo menm kan yo te pwolonje li pou yon tan ki pi piti sèlman sa ta pral ba yo plis tan pou yo retounen sou tab negosyasyon an dapre deklarasyon Anbasadè Altidor ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Chèf Sèvis Kreyòl la, Ronald Cesar.

Klike sou lyen odyo a ki anba tèks la pou w tande deklarasyon Anbasadè Ayiti a Ozetazi Paul Altidor nan mikwo Ronald Cesar.

Reyaksyon Anbasadè Paul Altidor sou 6 Mwa Pwolongasyon TPS pou Ayisyen yo nan mikwo Ronald Cesar
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:43 0:00

XS
SM
MD
LG