Accessibility links

Breaking News

Dapre Sekretè Deta Rex Tillerson "Etazini ak Lachin Gen Menm Enkyetid sou Bann Menas Nikleyè Kore di Nò Ap Fè yo"


Prezidan Lachin nan, Xi Jinping (adwat) bay lamen ak Sekretè Deta Ameriken Rex Tillerson avan yo rankontre nan Great Hall of the People 19 mas, 2017 nan Peken, Lachin.
Prezidan Lachin nan, Xi Jinping (adwat) bay lamen ak Sekretè Deta Ameriken Rex Tillerson avan yo rankontre nan Great Hall of the People 19 mas, 2017 nan Peken, Lachin.

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, mete aksan yon lòt fwa ankò sou nesesite pou Lèzetazini adopte yon apwòch tou nèf nan fason lap jere menas nikleyè Kore di Nò ki pa sispann ogmante. Apwòch sa a dwe chita sou aksyon pi agresiv pase sa yo te pran sou administrasyon ansyen Prezidan Barack Obama a, yon apwòch ki te pote non "pasyans stratejik".

Vandredi 17 mas 2017 la, Sekretè Deta Tillerson deklare nan Kore di Sid:

'"m ap pale klè pou'm di politik pasyans stratejik la rive nan bout li kounye a. Nap eksplore tout yon seri mezi diplomatik, ekonomik ak mezi sekirite. Tout opsyon yo nan jwèt la kounye a."

Nan premye vwayaj ofisyèl mesye Tillerson fè sou kontinan azyatik la, li rankontre ak lidè 3 peyi vwazen Kore di Nò yo asavwa: Japon, Kore di Sid ak Lachin. Li te vizite Japon ak Kore di Sid an premye. Dènye eskal li nan fen semèn nan se nan Peken kote li gen pou l chita pale ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, sou menas nikleyè Kore di Nò ap fè nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG