Accessibility links

Breaking News

Repibliken yo AP Redi yon Fason pou Rive Ranplase Obama Care la Avan Lontan


Prezidan Chanm Depite a, Paul Ryan, pandan li tap mache nan Capitol Hill nan Washington, pou l te al rankontre Prezidan Donald Trump. 21 mas 2017.
Prezidan Chanm Depite a, Paul Ryan, pandan li tap mache nan Capitol Hill nan Washington, pou l te al rankontre Prezidan Donald Trump. 21 mas 2017.

Prezidan Etazini Donald Trump ak lidè Repibliken yo nan Kongrè a ap travay pou yo jwenn ase vwa pou yo rantre refòm swen sante nasyonal ansyen Prezidan Barack Obama te konsidere kòm pi gwo reyalizasyon legal li.

Yon vòt enpòtan pou rantre Affordable Care Act la ke moun rele Obama Care, gen pou fèt jounen vandredi 24 mas 2017 la ki raple peryòd kote Prezidan Obama te siyen pwojè lwa a pou fè l tounen lwa, sa gen 7 lane.

Prezidan Trump rankontre ak kèk nan manm Caucus Lib yo. Nan kòmansman semèn nan, li te avèti depite yo pou l di si yo pa kenbe pwomès yo ki se defèt Obama Care la li kapab difisil pou yon genyen nan eleksyon palmantè 2018 yo.

XS
SM
MD
LG