Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Kalifye 'Pozitif ' Rankont li ak Otorite Wo Plase Ameriken yo nan Miami


Vis Prezidan Mike Pence kap bay lamen ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan Konferans sou Pwosperite ak Sekirite pou Peyi nan Amerik Santral la, 15 jen 2017 nan Miami, Florid.
Vis Prezidan Mike Pence kap bay lamen ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan Konferans sou Pwosperite ak Sekirite pou Peyi nan Amerik Santral la, 15 jen 2017 nan Miami, Florid.

Lit kont kont koripsyon, mizè ak trafik dwòg, se sitou pwen ki te nan sant Konferans sou Pwosperite ak Sekirite nan Amerik Santral la ki te dewoule nan Inivèsite Entènasyonal Florid la nan Miami.

Vis Prezidan Mike Pence, Sekretè Deta Rex Tillerson, Minis Sekirite Teritwa Etazini an, John Kelly, ak Minis Finans lan, Steven Mnuchin te rankontre ak reprezantan gouvènman peyi Onduras, Salvador ak Gwatemala e ak Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Apre diskou ki te ouvè seyans la, te gen yon rankont ak pot fèmen sou rezon ki te mennen otorite federal ameriken yo nan Miami.

Apre rankont la, Prezidan Jovenel Moise te bay laprès enpresyon l kote li fè konnen li te trè konfòtab pou chita pale ak otorite wo plase ameriken yo, e konvèzasyon an te trè pozitif. Youn nan pwen diskizyon yo dapre Prezidan Moise se te sou kolaborasyon dirijan tou 2 peyi yo, Ayiti ak Etazini. Mesye Moise di li te pwofite pale sou detèminasyon gouvènman li an genyen pou konbat koripsyon nan leta a.

Agoch, delegasyon gouvènman ayisyen an, e adwat, delegasyon ofisyèl wo plase ameriken an ak Prezidan Jovenel Moise ak Vis Preziden Etazini an Mike Pence, nan mitan.
Agoch, delegasyon gouvènman ayisyen an, e adwat, delegasyon ofisyèl wo plase ameriken an ak Prezidan Jovenel Moise ak Vis Preziden Etazini an Mike Pence, nan mitan.

Delegasyon Ayiti a nan Konferans sou Pwosperite ak Sekirite nan Amerik Santral la ki te dewoule nan Inivèsite Entènasyonal Florid la te gen, apa de prezidan ayisyen, Chèf kabinè li a Wilson Laleau, Konseye espesyal Ardouin Zephirin, Minis Afè Etranjè Antonio Rodrigue, Anbasadè ayisyen nan Washington Paul Altidor ak Konseye Pierre Antoine Louis, epi manm ekip kominikasyon laprezidans lan.

Delegasyon gouvènman aysiyen an gen pou l patisipe tou nan Somè sou Envestisman anba lobedyans Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an nan Florid ak Biwo Komisè Miami-Dade la jounen vandredi 16 ak Samdi 17 toujou nan Inivèsite Entènasyonal Miami an.

Repòtaj Serge Francois Michel sou Vizit Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise nan Miami, Florid
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:39 0:00

XS
SM
MD
LG