Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Kalifye Rejim Nò-Koreyen an De yon Rejim Brital Apre Lanmò Etidyan Ameriken, Otto Wambier, nan Ohio


Kore Di Nò te arete epi kenbe nan prizon etidyan ameriken. Otto Warmbier.
Kore Di Nò te arete epi kenbe nan prizon etidyan ameriken. Otto Warmbier.

Paran etidyan ameriken Otto Warmbier, ki mouri lendi 19 jen 2017 la apre li te pase anviwon yon lane edmi nan prizon nan peyi Kore di Nò, papa l ak manman n pibliye yon kominike kote yo fè konnen pitit gason yo a te rive nan bout vwayaj pou l retounen lakay li Ozetazini, e li te an pè at tèt li, yon ti bout tan anvan li trepase.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, prezante kondoleyans li bay lafanmi Warmbier nan yon kominike kote li di:

"Pa genyen anyen ki pi trajik pase doulè yon paran ki pèdi yon pitit nan kòmansman jenès li. Lanmò sa a se yon veritab wont; paske, Misye Warmbier pa ta mouri, si otorite yo nan Kore di Nò te kite li antre nan peyi li pi bone.”

Prezidan ameriken an fè konnen li konsidere rejim nò-koreyen an kòm yon rejim brital, e lanmò Otto Wambier vin ranfòse detèminasyon Lèzetazini pou li anpeche gouvènman ki san respè pou eta de dwa yo lakoz mòd trajedi konsa rive nan lavni.

Denise Koesterman ak Alison Lebrun, adwa, tou 2 nan Cincinnati, ap mete riban nan onè retou Otto Warmbier lakay li nan katye Wyoming nan Cincinnati, Ohio, 13 jen, 2017.
Denise Koesterman ak Alison Lebrun, adwa, tou 2 nan Cincinnati, ap mete riban nan onè retou Otto Warmbier lakay li nan katye Wyoming nan Cincinnati, Ohio, 13 jen, 2017.

Bò kote pa l , gouvènè Eta Ohio a, John Kasich di se tout moun nan eta lap dirije a ki an dèy akoz lanmò Otto Wambier ki se yon sitwayen natif-natal Eta Ohio.

XS
SM
MD
LG