Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rankontre nan Lamezon Blanch 3 Prensipal Responsab Konpayi Otomobil Ameriken yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan rankont li ak patwon 3 pi gwo konpayi otomobil ameriken yo nan Lamezon Blanch. 24 janvye 2017 nan Washington DC.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan rankont li ak patwon 3 pi gwo konpayi otomobil ameriken yo nan Lamezon Blanch. 24 janvye 2017 nan Washington DC.

Madi 24 janvye 2017 la, Prezidan Ameriken an Donald Trump, te fè yon chita pale ak direktè 3 pi gwo antrepriz kap fabrike machin isit Ozetazini. Nan rankont sa a, Prezidan Ameriken an mande responsab antrepriz sa yo pou yo pwodui plis machin nan peyi a olye pou yal fè yo lòt bò dlo.

Prezidan Trump te ekri sou kont Twitter li: “Mwen vle yon lòt plan tankou pou machin antrepriz ameriken ap van Ozetazini fèt nan peyi a.”

Pami responsab konpayi machin yo te gen: General Motors, Ford, Fiat ak Chrysler. Sa fè 2èm jounen rankont Prezidan Trump ak plizyè chèf gwo antrepriz Ozetazini kote li mande yo pou monte plis izin, yon fason pou kreye plis travay nan peyi a.

Kèk jou avan Mesye Trump te prete sèman kòn 45èm prezidan peyi Etazini, li te kritike konpayi otomobil ameriken yo deske yo prefere al fabrike machin nan peyi Meksik olye pou yo fè yo isit Ozetazini.

Sepandan, nan rankont Mezon Blanch lan, Prezidan Trump felisite responsab konpayi otomobil yo ki pran desizyon pou kòmanse kreye plis travay nan peyi a.

Yon lòt kote, Prezidan Trump te pale tou ak responsab yon ban lòt antrepriz amerikèn pami yo, Dow Chemical, SpaceX, konpayi infomatik Dell ki fabrike òdinatè ak lòt aparèy elektwonik, Johnson & Johnson, ak Lockheed Martin ki nan domen aviyasyon sivil kote yo fabrike avyon ak elikonptè. Lidè ameriken an mande antrepriz sa yo pou yo prepare, nan 30 jou kap vini la, yon lis sou fason yo ka bay biznis plis jarèt nan peyi a.

XS
SM
MD
LG