Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jou Souvni: Prezidan Donald Trump Rann Omaj pou Militè Ameriken ki Te Tonbe sou Channbatay yo


Prezidan Donald Trump nan moman li tap patisipe nan seremoni nan memwa militè ameriken ki te tonbe nan lagè yo. Simityè Nasyonal Arlington, Eta Virjini. 29 me 2017.
Prezidan Donald Trump nan moman li tap patisipe nan seremoni nan memwa militè ameriken ki te tonbe nan lagè yo. Simityè Nasyonal Arlington, Eta Virjini. 29 me 2017.

Lendi 29 me 2017 la, Lèzetazini selebre Memorial Day, ou Jou Souvni. Se yon jou pèp ameriken an mete sou kote pou l rann omaj pou sòlda lame Lèzetazini ki te tonbe sou channbatay. Nan yon mesaj Prezidan Donald Trump mete sou kont Twitter li depi nan kòmansman jounen an, li ekri:

"Jounen jodi a nou sonje fanm ak gason sa yo ki te fè sakrifis vi yo pou yo te sèvi peyi a. Nap di yo mèsi; nap di fanmi yo mèsi."

Pi ta, nan fen matine a, prezidan an te prezan nan yon seremoni ki te dewoule nan Simtyè Nasyonal Arlington nan, nan Eta Vijini tou prè Washington, kote li te prezante yon varyasyon sou menm mesaj la. Prezidan Trump di:

" Pawòl sèlman pa kapab eksprime pwofondè devouman yo, purte lanmou yo, oubyen totalite kouraj yo. Sa sèlman nou swete, se pou chak jou nou kapab pwouve nou merite non sèlman sakrifis yo fè ak sèvis yo rann nasyon an, men tou sakrifis madanm, pitit yo ak lòt manm fanmi yo aksepte fè."

Pi lwen nan menm diskou a Prezidan Trump ajoute:

"Nap rann omaj pou yon jenerasyon tou nèf patriyòt ameriken kap batay pou yo ranpòte laviktwa sou teworism. Yo riske lavi yo pou yo pwoteje sitwayen nou yo kont yon lennmi ki itilize asasina inosan pou li livre batay kont limanite li-menm."

Divès seremoni pral kontinye dewoule nan Washington ak tout kote atravè peyi a nan okazyon fèt nasyonal sa a.

XS
SM
MD
LG