Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump, "Imigrasyon Kap Fèt nan Peyi Swèd la Se yon Echèk"


Prezidan Ameriken an, Donald Trump. (Foto: AP/Susan Walsh). 17 fevriye, 2017.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump. (Foto: AP/Susan Walsh). 17 fevriye, 2017.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, deklare “medya kap gaye fo nouvèl” yo ap defann politik imigrasyon peyi Swèd. Li kontinye pou l di pakèt imigrasyon kap fèt nan peyi sa a ki nan rejyon Scandinavi a, se yon echèk.

“Bay Piblik la yon chans – Medya FO NOUVÈL yo ap chache di ke imigrasyon pa bann e pa pakèt nan Swèd la ap dewoule san okenn pwoblèm. Se pa vre!” Se mo sa yo Premye sitwayen Ameriken an te ekri lendi 20 fevrieye 2017 la sou kont Twitter li.

Kòmantè Mesye Trump yo pwolonje pou yon lòt jou dife ke l te limen ak alye Washington yo nan kapital Swèd la, Stockolm lè l te deklare, pa erè, nan yon meeting kanpay, samdi 18 fevriye pase a, ke te gen yon atak teworis nan Swèd, vandredi 17 fevriye.

XS
SM
MD
LG