Accessibility links

Breaking News

'Premye Rankont' ant Prezidan Ameriken an, Donald Trump ak Chèf Diplomasi Ris la, Sergey Lavrov


Prezidan Etazini an, Donald Trump, (agoch) pandan li tap resevwa minis afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, (adwat) nan Lamezon Blanch, Washington 10 me 2017.
Prezidan Etazini an, Donald Trump, (agoch) pandan li tap resevwa minis afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, (adwat) nan Lamezon Blanch, Washington 10 me 2017.

Yon pòtpawòl prezidan ris Vladimir Putin fè konnen rankont ki te dewoule nan Lamezon Blanch ant minis afè etranjè Larisi a ak Prezidan ameriken an, Donald Trump, se te yon chita-pale ekstrèmman pozitif.

Pòtpawòl Dimitri Peskov di jounalis yo, Moskou gen espwa sou posiblite pou relasyon ant 2 peyi yo ta amelyore, paske gen anpil travay ki dwe fèt toujou nan sans sa a. Deklarasyon sa a rive yon jou apre Prezidan Donald Trump te fin akeyi isit nan Washington minis afè etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, pou yon chita-pale ki te santre pou pifò sou gè sivil peyi Siri a.

Prezidan Donald Trump, ki te pale ak laprès apre rankont la, di li fè yon bonjan chita-pale ak chèf diplomasi ris la. Lidè ameriken an ajoute: " Mwen panse rankont la te bon anpi."

XS
SM
MD
LG