Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Prezidan Donald Trump Lanse Kèk Lòt Pawòl Kont Medya yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap pale nan Konferans Politik Aksyon Konsèvatè yo (CPAC), Vandredi 24 fevriye 2017 la nan OXON HILL, Maryland (Foto: AP/Evan Vucci)
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, pandan li tap pale nan Konferans Politik Aksyon Konsèvatè yo (CPAC), Vandredi 24 fevriye 2017 la nan OXON HILL, Maryland (Foto: AP/Evan Vucci)

Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse yon lòt fwa ankò menm atak li te fè, sa pa gen lontan, sou medya yo nan yon diskou li pwononse vandredi 24 fevriye 2017 la nan Konferans Aksyon Politik Konsèvatè a, CPAC.

Prezidan Trump fè konprann moun pa ta dwe kite jounalis utilize sous ki pa vle non yo site nan repòtaj yap fè. Mesye Trump, ki te pran lapawòl devan yon foul patizan li nan pi gwo rasanbleman konsèvatè yo mete sou pye chak ane, pwofite akize medya ameriken yo deske yap utilize sous anonim nan atik yap ekri.

Dapre chèf deta ameriken an, medya yo ap itilize sou anonim dekwa pou lage vèni sou li sètadi pou fè l parèt lèd. Prezidan Trump kontinye pou l di: "Mwen kont moun kap fabrike pawòl e kap kreye fo sous."

XS
SM
MD
LG