Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Ap Rankontre ak Wa Jòdani an Abdullah nan Mezon Blanch


Prezidan Ameriken an, Donald Trump (adwat) akonpaye ak Premye Dam Melania Trump pandan rankont li ak Wa Jòdani a Abdullah ak Rèn Rania nan Lamezon Blanch. Mèkredi 5 avril 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)
Prezidan Ameriken an, Donald Trump (adwat) akonpaye ak Premye Dam Melania Trump pandan rankont li ak Wa Jòdani a Abdullah ak Rèn Rania nan Lamezon Blanch. Mèkredi 5 avril 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)

Prezidan Etazini Donald Trump rankontre ak lidè peyi Jòdani an Wa Abdullah nan Mezon Blanch, e sa kap domine pwogram rankont la se atak mòtèl ak zam chimik ki fèt nan Siri a ak posiblite pou chita koze lapè rekòmanse ant Izrayèl ak Palestin.

Wa Jòdani an ak nouvo prezidan Etazini an te rankontre pou yon ti bout tan pandan te gen yon dejene priyè isit Washington nan mwa Fevriye pase a, men 2èm rankont ant 2 lidè yo ka gen plis koze ki pale ladann, ak diskisyon an prive, yon konferans pou laprès ke yo pwal fè ansanm, ak yon dejene travay.

Wa Jòdani an ap aji kòm yon reprezantan Mwayenn Oryan an pou ankouraje kreyasyon yon eta Palestinyen, kote Arab yo tap rekonèt eta Juif Izrayèl la.

XS
SM
MD
LG