Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Resevwa Prezidan Ejip la, Fattah el-Sissi, nan Mezon Blanch nan Kad Ranfòsman Kowoperasyon ant 2 Peyi yo


Prezidan Donald Trump pandan li tap resevwa Prezidan Ejip la, Abdel Fattah Al-Sisi nan Lamezon Blanch nan Washington, 3 avril, 2017.
Prezidan Donald Trump pandan li tap resevwa Prezidan Ejip la, Abdel Fattah Al-Sisi nan Lamezon Blanch nan Washington, 3 avril, 2017.

Premye sitawen ameriken an akeyi tokay ejipsyen li Abdel Fattah el-Sissi, nan Mezon Blanch, kote li fè konnen Etazini “kanpe djanm dèyè Ejip."

Nan yon rankont nan Biwo Oval la, Mesye Trump deklare ke Mesye Sissi fè yon “kokenn bon jan travay nan yon sityasyon difisil.” Li fè wè ke Etazini ap rebati lame li pou mete l nan “pi wo nivo a” pandan l ap chache konbat militan yo nan gwoup Eta Islamik la e ofri sipò pou alye Etazini yo.

XS
SM
MD
LG