Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Vle Redui nan Bidjè Kèk Ajans pou l Peye pou Kontriksyon Mi Ant Etazini Ak Meksik la


Moun kap gade nan direksyon strikti yon fwontyè ki separe San Diego, adwa, ak Tijuana Meksik, agoch.
Moun kap gade nan direksyon strikti yon fwontyè ki separe San Diego, adwa, ak Tijuana Meksik, agoch.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, ap kalkile ki rediksyon li te ka fè nan Gad Kot peyi a, nan ajans sekou pou dezas natirèl, ak branch sekirite aewopò yo pou l jwenn lajan pou kòmanse konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe Etazini ak Meksik la epi lage koukou wouj dèyè imigran ilegal yo.

Lè Mesye Trump tap mennen kanpay pou plas prezidan an, li te pran angajman pou l bati miray sa a kap mezire 3 mil 200 kilomèt longè pou l anpeche imigran ilegal kap soti Meksik ak Amerik Santral antre sou tèritwa ameriken an.

Men kounye a, Mesye Trump gen pwoblèm lajan pou l finanse reyalizasyon kokenn chenn pwojè sa a. Li estime miray la ap koute 12 milya dola, malgre Ajans Sekirite Teritoryal la fè konnen li ka koute jiska 21 milya 600 milyon dola.

Menmsi Prezidan Trump poko prezante bidjè gouvènman an bay Kongrè a pou ane fiskal 2017-2018 la, yon dokiman ak lis depans Leta federal yo selon enpòtans yo ap sikile. Ladan, gen depans pou miray la, kote ajans li vize redui pou l jwenn lajan an ka leve lavwa pou di yo pa dakò pou gouvènman koupe ni sou budjè yo ni sou manm pèsonèl yo.

XS
SM
MD
LG