Accessibility links

Breaking News

L'OEA Felisite Ayiti pou Piblikasyon Rezilta Definitif Eleksyon Prezidansyèl yo.


4 Janvye 2017

Misyon Obsèvasyon Elektoral Oganizasyon Eta Ameriken yo Fè Konpliman pou Pèp Ayisyen an ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou Aboutisman Pwosesis Elektoral Prezidansyèl la

Misyon obsèvasyon elektoral Oganizasyon Eta Ameriken yo (EOM/OEA) nan peyi Dayiti byen akeyi rezilta final Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye pou eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 yo. Misyon l'OEA a bat bravo pou aboutisman pwosesis eletoral la ki, malgre li te long epi konplike, pèmèt peyi a kontinye avanse sou wout ranfòsman demokratik li.

Pwosesis verifikasyon 12 pousan pwosè vèbal yo --yon operasyon tribinal kontansye elektoral nasyonal la te egzije pou satisfè egzijans diferan aktè politik- te montre analiz ki te fèt sou echantiyon verifye yo- pat revele iregilarite ki ta kapab afekte pwosesis elektoral la. Itilizasyon pwosede legal pou eklèsi kesyon konsènan rezilta yo, te pèmèt KEP a anonse, madi 3 janvye 2017 la, rezilta nou pral rapòte la yo :

-Jovenel Moise (PHTK) ranpòte 55, 60 %;

-Jude Celestin (LAPEH): 19, 57 %,

-Moise Jean Charles, kandida Platfòm Pititt Dessalines nan: 11, 04%;

- Dr Maryse Narcisse, kandida Fanmi Lavalas la: 9,01%.

Misyon obsèvasyon elektoral L'OEA a relanse apèl pou li mande respè pou rezilta KEP a pibliye yo. An plis de sa, misyon an envite tout aktè politik yo gade nan direksyon lavni epi travay nan tèt ansanm pou yo leve gwo defi Ayiti ap konfwonte kòm yon nasyon.

OEM/OEA prezan nan peyi Dayiti depi ane 2015. Pandan peryòd sa a li deplwaye plis pase 400 moun nan peyi a e misyon an te an mezi obsève tout faz pwosesis elektoral la. Misyon an pral kontinye apiye demokrasi ayisyèn nan; se konsa li pral voye nan peyi a yon gwoup espesyalis ak obsèvatè pou swiv eleksyon ki fikse 29 janvye a, jou kote Ayisyen yo pral vote pou yo eli senatè yo ak otorite lokal yo.

XS
SM
MD
LG