Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Lachin Poze Veto yo sou yon Rezolisyon Nasyon Zini Kont Peyi Siri


Nasyon Zini
Nasyon Zini

Larisi ak Lachin bloke yon rezolisyon Nasyon Zini ki tap pral mete sanksyon sou Siri poutèt li ta swadizan itilize zam chimik kont popilasyon nan katye gwoup rebèl yo.

Mezi a, ki gen apui puisans nan loksidan yo tankou Grand Bretay, Frans ak Etazini, ta mete sanksyon sou 21 moun nan Siri, sou òganizasyon ak konpayi ki ta swadizan mele nan atak chimik yo an 2014 ak 2015.

Rezolisyon Nasyon Zini an ta entèdi tout peyi pou yo pa founi gouvènman siryen an elikòptè, paske elikoptè te sèvi nan atak yo.

Prezidan ris la, Vladimir Putin, avèti ke mete sanksyon sou Siri pandan gen negosyasyon l ONU ap dirije nan Jenèv an Swis pa t ap nan plas li ditou, e sa tap ta gate efò pou mete fen nan konfli a ki la depi 6 lane.

XS
SM
MD
LG