Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Mike Pence Twouve l ann Ewòp nan Kad yon Rankont ak Alye Etazini yo nan Rejyon an


Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, osant, pandan li tap rantre nan East Room (Sal Ès) la nan Mezon Blanch. 13 fevriye 2017. ( Foto: AP/Andrew Harnik)
9
Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, osant, pandan li tap rantre nan East Room (Sal Ès) la nan Mezon Blanch. 13 fevriye 2017. ( Foto: AP/Andrew Harnik) 9

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, pati vandredi maten 17 fevriye 2017 la pou l rive ann Ewòp, kote li pwal pase plizyè jou nan reyinyon ak lidè mondyal yo nan Munich ak Brusèl.

Se pwal premye vwayaj Mesye Pence nan peyi etranje depi li te fin prete sèman, mwa janvye pase a.

Yon konseye wo-plase nan Mezon Blanch fè konnen vwayaj la se “yon opòtinite pou vis-prezidan an re-asire alye ak patnè nou yo e prezante tou sa ki pi enpòtan pou Etazini nan kad relasyon li pa lòtbò Oseyan Atlantik la nan non Prezidan Donald Trump."

Lidè yo ann Ewòp gen kè sote sou Prezidans etazini an, Donald Trump, poutèt li eksprime plizyè fwa admirasyon li pou Prezidan Larisi a Vladimir Putin, e li te dekri l-OTAN kòmkwa tan li pase.

XS
SM
MD
LG