Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Mike Pence: "Se te yon bon Desizyon pou Retire Michael Flynn nan Pòs Konseye Sekirite Nasyonal la"


 Vis-Prezidan Etazini an, Mike Pence, pandan li tap pale nan Munich nan Koferans Anyèl sou Sekirite a ki tap dewoule ann Almay 18 fevriye 2017 la. (Foto:AP/Matthias Schrader)
Vis-Prezidan Etazini an, Mike Pence, pandan li tap pale nan Munich nan Koferans Anyèl sou Sekirite a ki tap dewoule ann Almay 18 fevriye 2017 la. (Foto:AP/Matthias Schrader)

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, di li dakò ak desizyon Prezidan Donald Trump te pran pou l retire Michael Flynn nan Pòs Konseye Sekirite Nasyonal Lamezon Blanch lan.

Vis-prezidan Etazini Mike Pence fè konnen lendi 20 fevriye 2017 la li "desi" pou l aprann konseye Sekirite Nasyonal, Michael Flynn, ki pèdi djòb li semèn pase a te ba l manti sou kontak li ak anbasadè Larisi a nan Washington. Li ensiste pou l di li te sipòte desizyon Prezidan Donald Trump te pran pou l revoke Mesye Flynn nan fonksyon estratejik li a nan Mezon Blanch.

Mesye Pence deklare nan yon konferans pou laprès nan katye jeneral l OTAN an, “Sete bon desizyon an, li te byen aji e nan bon moman an”. Prezidan Trump te mande Mesye Flynn, yon ansyen jeneral lame, pou l demisyonnen paske li te twonpe Mesye Pence lè l te kache l ke l te pale nan telefòn ak anbasadè Larisi a nan Washington nan anvan nouvo administrasyon an te pran pouvwa a.

XS
SM
MD
LG