Accessibility links

Breaking News

Premye Dam Ayiti a, Martine Moise, Twouve l nan North Miami nan Okazyon Kloti Festivite Mwa Medam yo


Premye Dam peyi Dayiti a, Martine Moise
Premye Dam peyi Dayiti a, Martine Moise

Sou envitasyon Majistra North Miami an, Dr. Smith Joseph, ki se yon ayisyen dorijin, Premye Dam peyi Dayiti a, Martine Moise, ap patisipe nan aktivite kloti mwa fanm yo nan vil sa a. Madam Moise te rive nan pati nòdès eta Florid la peyi Etazini madi 28 mas 2017 la kote l ap pase 3 jou.

Jounen mèkredi 29 mas la nan yon seremoni nan Meri North Miami a e an prezans plizyè otorite ak moun nan kominote ayisyèn nan, Majistra Smith Joseph remèt Premye Dam Ayiti a kle vil la.

Madam Moise bò kote pal te pran lapawòl nan okasyon an kote li remèsye otorite yo pou envitasyon an e an mèm tan tou pale sou plan gouvènman Moise/Lafontant an genyen pou rive chanje Ayiti. Premye dam nan mande konpatriyòt ayisyen yo nan dyaspora a pou pote kole ak pouvwa Prezidan Jovenel Moise la.

Klike sou lyen ki anba tèks la pou w tande diskou Madanm Prezidan Ayisyen a, Martine Moise, nan Meri North Miami.

Diskou Premye Dam Peyi Dayiti a, Martine Moise, nan Miami
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:09 0:00

XS
SM
MD
LG