Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ris la Vladimir Putin Fè Konnen Relasyon Washington ak Moscou Vin Pi Mal sou Administrasyon Donald Trump la


Prezidan ris la Vladimir Putin pandan yon reyinyon nan kabinè li nan Moscow, Risi, 12 avril 2017.
Prezidan ris la Vladimir Putin pandan yon reyinyon nan kabinè li nan Moscow, Risi, 12 avril 2017.

Prezidan ris la Vladimir Putin ki tap pale sou yon chèn televisyon nan Moscou deklare depi lè Prezidan Trump pran pouvwa a Ozetazini, relasyon ant Moscou ak Washington vin pi grav. Mesye Putin di " Mwen kapab di nan sa ki konsène relasyon ant 2 peyi yo nan domèn kolaborasyon militè, se pa yon bagay ki amelyore di tou; okontrè relasyon sa a vin pi mal."

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, adwat, ak Minis Afè Etranjè Ris la, Sergey Lavrov, avan yon reyinyon nan Moscow, Risi, 12 avril, 2017.
Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, adwat, ak Minis Afè Etranjè Ris la, Sergey Lavrov, avan yon reyinyon nan Moscow, Risi, 12 avril, 2017.

Prezidan ris la fè deklarasyon sa a nan moman chèf diplomasi 2 peyi yo, Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson ak tokay li Minis Afè Etranjè ris la, Sergei Lavrov, ap rankontre nan Moskou. Youn nan dosye 2 diplomat yo ap debat se soutyen Larisi kontinye ap bay Prezidan Siri a, Bashar al-Assad, youn nan alye li nan Mwayen Oryan an ki, nan dat 4 avril 2017 pase a, te itilize yon bonm ki fè ak pwodui chimik pou touye pwòp sitwayen sireyn kap goumen kont li.

Atak ak bonm chimik sa a touye anviwon 90 siryen kote anpil ladan yo se timoun piti. Prezidan ris la fè konnen pa gen okenn prèv ki montre Mesye Assad te itilize yon zam konsa. Dapre lidè ris la, koze atak ak zam chimik sa a se yon fabrikasyon oubyen se pwòp depo zam rebèl yo ki ta ekploze pandan fòs lame siryèn nan te atake yo.

Tou suit apre atak ak zam chimik la nan Siri, kòm repons, Prezidan Ameriken Donald Trump te bay lòd pou Lame Etazini lanse misil sou yon baz naval siryen. Nan vandredi 7 pou rive 8 april 2017, yon bato degè US Navy te tire 59 misil e detui plizyè avyon nan aviyasyon lame Siri a, Shayrat Airfield.

Rex Tillerson se pi gran ofisyèl nan Gouvènman Ameriken an kap vizite Moscou pandan Prezidan Trump sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG