Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini an pral Gen Tout 9 Manb li yo Ankò 14 Mwa Apre Lanmò Youn nan Jij li yo


Nouvo Jij Kou Siprèm Lèzetazini an, Neil Gorsuch. Foto: 21 mas 2107.
Nouvo Jij Kou Siprèm Lèzetazini an, Neil Gorsuch. Foto: 21 mas 2107.

Sena ameriken vote ak 54 vwa pou e 45 vwa kont pou konfirme moun pèsonalite jidisyè Prezidan Donald Trump chwazi kòm pwochen jij nan kou Siprèm nan.

Se preske senatè Repibliken sèlman ki te lage bilten nan seyans konfirmasyon an. Vis-prezidan Mike Pence te prezan nan chanm Sena a pou dirije seyans la. Vòt sa vini yon jou apre Repibliken yo te itilize majorite yo genyen nan chanm Wot la pou deklanche opsyon nikleyè a, yon opsyon ki pèmèt yo chanje règleman anvigè yo pou kraze blokaj pwosedi kan Demokrat la te mete anplas pou okazyon an ke yo rele "Filibuster."

Repibliken yo di yo itilize strateji opsyon nikleyè a, paske yo pat vrèman gen yon lòt chwa nan demach pou konfirme Jij Neil Gorsuch kòm pwochen jiris nan Kou Siprèm Lèzetazini an.

Jij Gorsuch gen pou l prete sèman 2 fwa. Premye fwa se pral nan Tribinal Kou Siprèm nan nan yon seremoni an prive devan Jij an Chèf pi gran tribinal peyi a, John Roberts. Dezyè fwa se pral nan Mezon Blanch la; e lòt jij Kou Siprèm ki pral fè mesye Gorsuch prete sèman an se pral, Majistra Anthony Kennedy.

XS
SM
MD
LG