Accessibility links

Breaking News

Etazini: Dekrè Prezidansyèl, Ki Mete Entèdiksyon sou Vwayajè nan 6 Peyi an Majorite Mizilman yo, Devan Pi Gran Tribinal Peyi a


5 nan jij Kou Siprèm Etazini yo.
5 nan jij Kou Siprèm Etazini yo.

Kou Siprè Etazini an pral pwononse li avan lontan sou dekrè prezidansyèl ki mete restriksyon sou vwayajè nan 6 peyi an majorite Mizilman yo.

Prezidan Etazini an, Donald Trump, mande pi gran tribinal peyi a pou l remete sou pye restriksyon sou vwayajè k ap soti nan 6 peyi an majorite Mizilman - Iran, Libi, Somali, Soudan ak Yemen.

Administrasyon Trump la mande Kou Siprèm pou l rekonsidere legalite dekrè a ke tribinal ki pi ba te rejte.

Pòtpawòl Depatman Jistis la, Sarah Isgur Flores, fè konnen ajans li a gen "konfyans" ke dekrè Prezidan Trump la rete byen nan limit otorite legal li pou l bay nasyon an sekirite. Li ajoute, "Prezidan an pa oblije admèt moun k ap soti nan peyi ki patwone aktivite teworis yo."

Nan jou pase yo, yon tribinal dapèl nan vil Richmond, Eta Vijini, te pran desizyon pou l pa remete an aplikasyon yon dekrè Prezidan Donald Trump te pran pou l entèdi pandan yon peryòd 3 mwa sitwayen 6 peyi kote majorite popilasyon an se mizilman antre sou tèritwa ameriken an. Tribinal la pran desizyon an nan jounen jedi 25 me 2017 la; li fè konnen dekrè prezidansyèl la se tou senpleman yon "entèdiksyon kont mizilman". Jij 4èm kou dapèl Lèzetazini an pibliye desizyon yo a nan yon dokiman 205 paj kote yo di:

“Dekrè prezidansyèl sa a se egzatteman sa Misye Trump te pwomèt pandan kanpay elektoral la e apre eleksyon an; sa vle di se yon diskriminasyon kont mizilman yo."

Panèl la, ki te gen 13 jij ladan n, site mesaj sou Twitter, entèvyou Misye Trump te bay ak deklarasyon li te pibliye sou sitwèb kanpay elektoral li a kòm prèv ki montre karaktè enkonstitisyonèl dekrè prezidansyèl la.

Nan dat 26 2017 pase a, Minis Jistis Etazini an, Jeff Sessions, te fè konnen li pwal mande Kou Siprèm pou l rekonsidere desizyon yon kou dapèl ki bloke dekrè Prezidan Donald Trump pou limite vwayaj moun k ap soti nan 6 peyi an majorite Mizilman yo.

XS
SM
MD
LG