Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini an, Donald Trump, Mande Lachin pou l Jwe yon Pi Gwo Wòl nan Sak Konsène Pwovokasyon Nikleyè Kore Di Nò a


Yon misil soumaren kap defile pandan parad militè, nan Pyongyang, Kore di Nò pour selebre anivèsè 105 lane revolisyon Kim Il Sung, fondatè peyi a. (Foto: AP/Wong Maye-E). 15 Avril 2017.
Yon misil soumaren kap defile pandan parad militè, nan Pyongyang, Kore di Nò pour selebre anivèsè 105 lane revolisyon Kim Il Sung, fondatè peyi a. (Foto: AP/Wong Maye-E). 15 Avril 2017.

Prezidan Etazini Donald Trump telefone ankò etan nan Mezon Blanch youn apre lòt lidè peyi Japon ak Lachin pou yo pale sou pwoblèm li gen ak Kore di Nò.

Yon kout telefòn 30 minit ant Mesye Trump ak Premye Minis Japonè a, Shinzo Abe, se te pou ogmante presyon sou Pyongyang pou l pa angaje l nan plis zak pwovokasyon, men apèl la se pa akoz yon gwo chanjman ki ta fèt nan sityasyon an, dapre otorite yo nan Tokyo.

"Nou te dakò pou nou mande Kore di Nò, kap repete pwovokasyon li a, pou l mete dlo nan diven li," se konsa Mesye Abe te pale ak repòtè yo lendi 24 april 2017 la nan Tokyo.

Mesye Abe fè konnen li menm ak Prezidan Trump dakò ke Lachin dwe jwe yon pi gwo wòl nan kesyon Kore di Nò a.

XS
SM
MD
LG