Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Etazini Kapab Travay Ansanm pou yon Pwochen Pwolonjman TPS la pou Imigran Ayisyen yo Dapre Minis John Kelly


Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly, agoch, ak Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise nan Palè Nasyonal, Ayiti, 31 me 2017. Foto: Koutwasi Palè Nasyonal, Pòtoprens, Ayiti.
Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an, John Kelly, agoch, ak Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise nan Palè Nasyonal, Ayiti, 31 me 2017. Foto: Koutwasi Palè Nasyonal, Pòtoprens, Ayiti.

Pandan li tap visite Ayiti, mèkredi 31 me 2017 la Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an John Kelly fè konnen gouvenman peyi Dayiti ak Lezetazini kapab “travay ansanm pou yon pwochen pwolonjman Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou Ayisyen ki gen menas rapatriman sou tèt yo Ozetazini.

Minis Kelly te rankontre ak Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, ansanm ak lòt ofisyel nan gouvenman an pandan yon vizit kèk èd tan li fè nan kapital ayisyèn nan . Vizit minis sekirite teritoryal la rive apre omwen 2 semen selman depi depatman l ap dirije a te anonse pwolongasyon TPS la pou imigran ayisyen ki te deja ap patisipe nan pwogram nan.

Otorite Ayisyen yo ansanm ak kèk avoka ak aktivis ameriken tap chache pou otorite imigrassyon amerikèn yo pwoloje TPS la pou yon lane pou pipiti. Avan, imigrasyon te konn renouvle TPS la pou 18 mwa.

Dapre minis sekirite teritoryal ameriken an, Ayiti se youn nan 10 peyi ki pou kounya ap benefisye de pwogram TPS la akoz kondisyon l depi apre tranblemandte janvye 2010 la ki te ravaje kapital la Pòtoprens ak kèk lòt vil nan vwazinaj li kote plizyè milye moun te pèdi lavi yo.

Minis Kelly fè konnen pwogram imanite TPS la pat la pou l te dire tout tan.Mesye Kelly kontinye pou l di: “Mo kle nan lwa a se “tanpore.” Li pa yon lwa ki sipoze dire lontan.” Alatèt Sekirite teritoryal ameriken an fè deklarasyon sa a apre li te fin rankontre ak Prezidan Jovenel Moise nan Palè Nasyonal.

Yon jounalis te mande Mesye Kelly pou l reponn kesyon kèk kritik ki fle fè kwè yon vizit tou kouk konsa pa bali ase tan pou l wè ak je li kondisyon moun yo ann Ayaiti nan plizyèvil nan peyi a zon pa ekzanp tranblemandtè a te ravaje ak viktim dènye siklon nan.

Mesye Kelly te reponn jounalis kote li di: “Moun sa yo pa konn sa yap pale a, mwen vizite Ayiti plis pase 10 a 15 fwa,” pandan ke m te yon Komand Sid Ameriken tou pre Miami.

Minis Kelly fè konnen tou li va gen pou l pran yon desizyon kle sou dosye imigran ayisyen ki gen TPS yo nan mwa novnam ou desanm pwochen an. E li te ajoute: “Pou kounye a, nan lide m, mwen panse TPS la gen pou l fini. Konsa, map chache rezon ki pou ta koz nou pwolonje l apre mwa janvie kap vinn la.” Minis Sekirite Teritoryal Etazini John Kelly pale konsan nan Aewopò Entènasyonl Potoprens Toussaint Louverture nan yon entèvyou li te bay jounalis radio Rothchild Francois Jr anvan lite retounen Ozetazini.

Nathanaelle Bernard, gen 19 an li ansent 7 mwa; li chita atè nan antre tant li lap fri ze pou l pataje ap plizyè manm fanmi li kap viv anba tant la ak li nan Koto, Ayiti. Foto: 1e novanm 2016.
Nathanaelle Bernard, gen 19 an li ansent 7 mwa; li chita atè nan antre tant li lap fri ze pou l pataje ap plizyè manm fanmi li kap viv anba tant la ak li nan Koto, Ayiti. Foto: 1e novanm 2016.

Anpil òganizasyon imanite ak devlopman kap travay ann Ayiti te ankouraje Minis Kelly pou l vin wè frajilite Ayiti ak je pal, ansanm ak pakèt kan san kontwòl ki twouve yo andeyo Potoprens kote plizyè mil moun pou pipiti ap viv depi apre tranblemandtè a te ravaje pi fò kote nan kapital la ak zon ki antoure l yo. Peyi a te fè fas ak anpil lòt difikilte youn apre lòt tou, pami kèk ladan yo, te gen sechrès, e mwa oktòb ki sot pase a, Matthew, yon siklòn mangonmen, te ravaje Sid peyi a.

Mesye Kelly te di nan radio RFM ke li te “ vwayaje toutotou Ayiti” nan kèk vwayaj li te fè avan kote l te konn al vizite kan kote moun ki deplase akoz tranblemandtè a ap viv, ak fè enspeksyon jaden move tan te ravaje yo.

Nan vwayaj mèkredi 31 me a, Minis Kelly te chita pale ak ofisyel ayisyen yo kote l te diskite sou kèk pwoblem tankou lide Ayiti genyen pou l ta elaji opotinite biznis li yo ak nesesite pou kontinye devlope polis nasyonal peyi a (PNH).

Sekrete Kelly te chita pale tou ak 2 reprezantan misyon Nasyon Zini ann Ayiti: Sandra Honore ki se reprezantan espesyal sekretè jeneral la, ansanm ak lyetnan jeneral Ajax Porto Pinheiro, yon brezilyen ki se komandan twoup militè Misyon Nasyon Zini an ann Ayiti. Nasyon Zini te anonse nan mwa davril pase a li pral mete fen ak misyon lapè a paske li kwè peyi a fè ase pwogrè nan wout stabilizasyon l. Li te pwomet tou pou l bay polisye entènasyonal pou ede polis Ayisyèn nan.

XS
SM
MD
LG