Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini an Gen pou l Pwononse l sou Kèk Ka Imigrasyon Avan Lontan

Manifestan ki kenbe pankat devan 4èm Awondisman Kou Apèl la nan Richmond, Eta Virjini. Tribinal sa a gen pou l pran yon desizyon sou entèdiksyon pou sitwayen nan 6 peyi ki an majorite mizilman ki gen viza ameriken pou yo pa rantre Ozetazini. (Foto: AP/Steve Helber) 8 me 2017.

Kou Siprèm Etazini an deja sezi yon demi-douzèn ka sou imigrasyon depi nan mwa pase yo. Desizyon li va gen pou l pran konsènan ka sa yo pral detèmine kòman pi gran tribinal Ameriken an wè aksyon administrasyon Trump la nan sa ki gen rapò ak imigrasyon ak sistèm depòtasyon gouvènman an mete kanpe sou pye a.

Kou Siprèm nan kapab pran yon desizyon sou kèk nan ka sa yo pa pita lendi 15 me 2017 la, lè jij yo va reyini pou yo di sa yo panse sou diskisyon sou imigrasyon ki gen nan peyi a pandan 6 dènye mwa ki sot pase yo.

Prezidan Donald Trump pwomèt pou l depòte plis imigran ilegal, patikilyèman moun ki te kondane pou yon krim Ozetazini. Men, si desizyon Tribinal Kou Siprèm nan ta gen pou l pran an ta soti anfavè imigran an kesyon yo, li pral difisil pou administrasyon Trump la reyalize plan li an dapre Christopher Hajec, direktè yon òganizasyon ki rele Enstiti Refòm nan Pwosedi Legal sou Imigrasyon.

XS
SM
MD
LG