Accessibility links

Breaking News

Plizyè Lidè Modyal Salye Emmanuel Macron, Kòm Prezidan-Eli Peyi Lafrans

Prezidan sòtan fransè a, Francois Hollande (adwat) ak prezidan-eli a, Emmanuel Macron, pandan yo tap patisipe nan yon seremoni komemorasyon ofisyèl nan lonè sòlda ki te tonbe nan 2èm Gè Mondyal la. Seremoni an dewoule nan simityè ki pote non Arc de Triomphe la, kote yo te antere kadav plizyè sòlda 2èm Gè Mondyal la moun pat rive idantifye. (Foto: REUTERS/Francois Mori/Pool). Pari, Frans, 8 me 2017.

Elektè franse yo eli kandida santris, Emmanuel Macron, kòm prezidan peyi a sou kandida esktrèm dwat, Marine Le Pen. Kèk nan lidè puisans mondyal yo deja salye viktwa Mesye Macron nan e di yo pare pou travay ak nouvo lidè fransè a.

Prezidan Ameriken an, Donald Trump nan Lamezon Blanch 4 me 2017.

Prezidan Donald Trump, ki tap reyaji sou rezilta eleksyon prezidansyèl Lafrans la nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li, salye gwo viktwa kandida Emmanuel Macron ranpòte malgre, lidè ameriken an te anfavè Marine Le Pen.

Ansyen Sekretè deta ameriken Hillary Clinton, lidè dwa Sivik Jesse Jackson ak majistra vil New York la, Bill de Blasio twove yo pami gwo diyitè ki byen akeyi viktwa Prezidan-eli Emmanuel Macron nan.

Chanselye Alman Angela Merkel nan moman li tap rive nan somè Inyon Ewop la nan Brussels 9 mas 2017.
Chanselye Alman Angela Merkel nan moman li tap rive nan somè Inyon Ewop la nan Brussels 9 mas 2017.

Mesye Macron te pale ak Chanselye Alman an, Angela Merkel, kote li manifeste entansyon pou l rankontre ak li nan pwòp peyi l, Almay.

Premye Minis Britanik la, Theresa May, nan moman li tap akeyi alatèt Komisyon Inyon Ewop la, Prezidan Jean-Claude Juncker nan Lond, 26 avril 2017.
Premye Minis Britanik la, Theresa May, nan moman li tap akeyi alatèt Komisyon Inyon Ewop la, Prezidan Jean-Claude Juncker nan Lond, 26 avril 2017.

Premye Minis Britanik la, Theresa May, pibliye yon deklarasyon pou l fè konpliman ak prezidan-eli a e li pa ekate posibilite pou l chita pale ak li sou yon seri dosye enpòtan.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, pandan li t ap pale ak laprès apre li te fin rankontre ak Chanselye Alman an, Angela Merkel, nan Sochi, Risi, 2 me 2017.

Prezidan ris Vladimir Putin, ki salye viktwa a, mande nouvo eli a pou l mete akote mank konfyans youn ta genyen anvè lòt epi ini yo yon fason pou travay nan tèt ansanm pou pote stabilite ak sekirite sou planet la.

Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, di limenm se yon viktwa senbolik kont politik ki santre sou Lafrans sèlman e li reprezante yon vòt an favè Inyon Ewop la.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, pandan yon koferans nan Pékin, Chin, 3 mas 2017.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, pibliye yon mesaj pou l di Lachin eksprime volonte pou l kontinye travay nan wo nivo an patenarya ak Lafrans. Lidè Kanada, Amerik Latin ak Ostrali bat bravo lakontantman pou viktwa istorik kandida pati An March la ranpòte nan eleksyon prezidansyèl fransè a fas ak kandida ekstrèm dwat la, Marine Le Pen.

XS
SM
MD
LG