Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Nèg Ki ta Sanble Gen Maladi Mantal Touye 5 Moun nan Ayewopò Fort-Lauderdale la nan Florid

Yo te bay pasaje yo dwa pou kite Fort Lauderdale-Hollywood Ayewopò Entènasyonal la jou ki te 6 janvye 2017 la kèk tan apre yon nèg ak ame te tire plizyè kout zam nan zòn pasaje avyon yo kon reklame malèt yo nan Fort Lauderdale, Florid. (Foto/ AP/ Wilfredo Lee)

Ayewopò Fort-Lauderdale nan eta Florid ki nan sidès Etazini relouvri pòt li apre yon nèg ak zam te tire epi touye 5 moun e blese 8 lòt vandredi 6 janvye 2017 la. Atak la fèt nan seksyon kote pasaje avyon yo kon al reklame malèt yo.

Ayewopò For-Lauderdale ki trè frekante te oblije fèmen pòt li apre atak la. Anplwaye ayewopò yo te travay tout nan nuit pou lokal la tekapab rekòmanse aktivite li yo nan samdi. Sepandan, yo te fè pasaje yo konnen pou yo kontakte konpayi avyon yo konsènan chanjman nan vòl yo.

Lapolis nan eta Florid arete Esteban Ruiz Santiago ki se yon jèn gason 26 zan kòm moun yo sispèk ki lanse atak la. Dapre nouvèl yo, Santiago se yon ansyen manm fòs Lame Amerikèn la.

Esteban Ruiz Santiago, sispèk nan atak ak zam nan Ayewopò Fort Lauderdale la nan Florid, vandredi 6 janvye 2017.
Esteban Ruiz Santiago, sispèk nan atak ak zam nan Ayewopò Fort Lauderdale la nan Florid, vandredi 6 janvye 2017.

Santiago se te yon militè nan Gad Nasyonal Etazini an. Li te fè sèvis militè nan Pòto-Riko.

Nan ane 2016 Santiago te ale lopital pou kont li pou pwoblèm mantal. Li te di li abitye tande yon vwa kap pale nan tèt li kòmkwa pou ankouraje l antre nan gwoup militan teroris Eta Islamik la.

Ajan ATF ak FBI ki sou plas kote yon nèg ak zam te touye 6 moun e blese plizyè lòt nan Fort Lauderdale-Hollywood Ayewopò Entènasyonal, 6 janvye 2017, nan Fort Lauderdale, Florid.
Ajan ATF ak FBI ki sou plas kote yon nèg ak zam te touye 6 moun e blese plizyè lòt nan Fort Lauderdale-Hollywood Ayewopò Entènasyonal, 6 janvye 2017, nan Fort Lauderdale, Florid.

Responsab Biwo Federal Envestigasyon FBI la nan Miami, George Piro, di ajans la ap chache konnen vrè rezon ki motive Santiago pou l komèt atak la, e yo pa ekate posiblite pou se ta yon atak teworis.

Lapolis nan Florid fè konnen Santiago te pran avyon nan vil Anchorage ki nan eta Alaska pou l te rive nan ayewopò Fort-Lauderdale jou vandredi 6 janvye li te komèt atak la.

Prezidan Barack Obama ki tap pale ak ABC News fè konnen li deplore atak la. Li ajoute jan de atak ak zam sa yo rive twò souvan pandan ane li sot pase kòm prezidan peyi a. Prezidan Obama fini pou l di, “ Lapen, kè sere, ak gwo chòk viktim ak temwen yo andire, yo anpil.”

Kèk èd tan apre atak la, Gouvènè eta Florid la Rick Scott te di repòtè yo: “ Kèm ap dechire pou moun ki viktim atak la ak fanmi yo.”

XS
SM
MD
LG