Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Benjamin Netanyahu: “Zanmitay ant Lèzetazini ak Izrayèl sou Wout pou l Vin Pi Solid”


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès ansanm ak Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, nan Lamezon Blanch, Washington,15 fevriye, 2017. (Foto:AP//Evan Vucci)
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, ki tap pale pandan yon konferans pou laprès ansanm ak Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, nan Lamezon Blanch, Washington,15 fevriye, 2017. (Foto:AP//Evan Vucci)

Isit Ozetazini, yon otorite wo-plase nan Mezon Blanch te deklare, madi 14 fevriey 2017 la, “Lapè ant peyi Izrayèl ak Palestinyen yo pa oblije pase nesesèman pa yon solisyon ki mande kreyasyon 2 eta kap viv kòt-a-kòt.” Otorite sa a te pale ak laprès anvan Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te rankontre ak Prezidan ameriken an, Donald Trump, nan Mezon Blanch mèkredi 15 fevriye 2017 la.

Otorite wo-plase a kontinye pou l di “Lèzetazini pa pral dikte ki kondisyon ki dwe reyini pou 2 pati yo fè lapè; men pito Washington pare pou l aksepte tout solisyon 2 pati yo antann yo pou yo aplike."

An tou ka, pandan chèf gouvènman Eta Jwif la tap pare pou l antre Ozetazini, li pat sanble dispoze pran okenn angajman sou dosye a.

Men li te pale pou l di: “Alyans ki egziste ant Izreyel ak Lèzetazini se yon alyans ki toujou ekrtèmman solid, e li sou wout pou l vin pi fò toujou.” Premye minis Eta Jwif la kontinye pou l di, “ Prezidan Trump avek mwen, nou gen menm pozisyon, non selman sou danje ki poze nan rejyon an, men tou sou opòtinite ki devan nou yo.”

Mesye Netanyahu fini pou l di, “Nou pral pale de 2 aspè sa yo nan dosye a, san bliye nesesite pou n ranfòse relasyon ant Izayèl ak Lèzetazini nan anpil domèn.”

XS
SM
MD
LG