Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Sondaj Montre yon Bès nan Popilarite Prezidan Ameriken an Donald Trump


Prezidan ameriken an, Donald Trump.
Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Elektè ameriken yo fè konnen yo pa apwouve pèfòmans Prezidan Donald Trump, e se premye fwa popilarite chèf deta an desann ba konsa pandan 5 mwa li pase deja nan La Mezon Blanch.

Chèn televizyon CBS pibliye yon sondaj madi 20 jen 2017 la kote Mesye Trump gen 36 pousan elektè ki apwouve travay li, ak 57 pousan ki kont li, kidonk li pèdi pwen, konpare ak yon sondaj nan fen avril la, kote 41 pousan te pou li e 53 pousan te kont.

Sondaj ki te pi bon pou li sèjousi se Gallup ki te fè l, ki bay 38 pousan moun ki apwouve l ak 56 pousan ki kont li.

XS
SM
MD
LG