Accessibility links

Breaking News

Etazini/Siri: Yon Avyon Konba Ameriken Desann yon Avyon Tele-Gite Siryen


Avyon de gè ameriken F-15E Strike Eagle.
Avyon de gè ameriken F-15E Strike Eagle.

Dapre otorite militè Lèzetazini yo, yon avyon konba ameriken desann yon avyon tele-gide pwo-siryen jis apre minui madi 20 jen 2017 la nan moman avyon san pilot la tap vanse sou fòs koalisyon an nan sid peyi Siri.

Avyon de gè ameriken F-15E Strike Eagle desann avyon tele-gide iranyen an pandan li tap avanse nan direksyon yon avan-pòs koalisyon an toupre At Tanf ki sou zòn fwontyè Siri pataje ak Irak, kote lame amerikèn ap fòme twoup lokal yo nan kad lit kont militan gwoup Eta Islamik la.

Yon lòt kote, peyi Ostrali anonse li sispann pwovizwaman frap aeryen fòs li yo tap lanse nan Siri. Desizyon sa a vini kèk jou apre yon avyon konba ameriken te desann yon djèt siryen, kote Larisi, alye peyi Siri reponn kote li menase pou trete avyon nan koalisyon Etazini ap dirije e kap opere nan syèl peyi Siri a kòm avyon lènmi.

Ostrali se manm koalisyon an ki te kòmanse lanse frap aeryen sou pozisyon gwoup Eta Islamik la nan Siri an Septanm 2014.

XS
SM
MD
LG