Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Kontinye Travay ak Kore di Sid pou Konbat Menas Nikleyè Kore di No a


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, (agoch) ak nouvo Prezidan Sid Koreyen an, Moon Jae-in (adwat).
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, (agoch) ak nouvo Prezidan Sid Koreyen an, Moon Jae-in (adwat).

Etazini sèmante pou l kontinye fè alyans ak Kore di Sid pou takle menas kap soti bò Kore di Nò, apre Moon Jae-in, yon avoka liberal kap defann dwa moun e pitit gason yon refijye ki soti Kore di Nò, te deklare viktwa nan eleksyon prezidansyèl Kore di Sid madi 9 me 2017 la.

Men kèk ekspè di Lavwadlamerik, viktwa Moon nan ka diminye detèminasyon Kore di Sid pou l konfwonte Kore di Nò sou kesyon pwogram nikleyè ak misil yo, ki se yon pwoblèm pou lidè ameriken yo.

Yon diferans ak ansyen prezidan Park Geun-hye ki te pran yon pozisyon militan kont pwovokasyon nikleyè ak misil Pyongyang nan. Dapre analis yo, Prezidan Moon plis anfavè dyalòg ak Kore di Nò.

Nan yon deklarasyon, Lamezon Blanch te fè konnen li anvi travay ak Prezidan Moon pou l kontinye ranfòse alyans ak zanmitay ki ekziste ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG