Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Reponn Avèk Fòs Menas Larisi Ki Di Lap Trete Avyon Ameriken nan Siri yo Kòm Sib


Yon jet ameriken.
Yon jet ameriken.

Etazini reponn avèk fòs menas Larisi ki fè konnen lap trete avyon kowalisyon yo lame amerikèn ap dirije nan Siri kòm sib, yon sitiyasyon ki vin ogmante tansyon an pi plis nan rejyon an.

Pòt pawòl Lamezon Blanch lan, Sean Spicer, di laprès: "Nap fè tout sa nou gen pou n fè pou pwoteje enterè nou. Mesye Spicer defann desizyon pou te desann dyèt siyen SU-22 a ki dapre li a te lage bonm sou patizan fòs kowalisyon an nan
site Tabqah nan Siri.

Pòt pawòl Lamezon Blanch la fini pou l di: "Rejim siyen an dwe konnen fòs kowalisyon an gen dwa pou l defann tèt li kont tout menas tankou menas gwoup teworis eta islamik la."

Peyi Larisi te fè konnen li pral trete tout avyon kowalisyon Lèzetazini ap dirije yo nan espas ayeryem rejyon lwès peyi Siri a tankou sib, apre yon avyon konba ameriken te desann aparèy militè siryen an.

Nan yon deklarasyon militè ris pibliye lendi 19 jen 2017 la, yo dekl are yo sispann itilizasyon tout liy telefonn dirèk yo te mete sou pye pou anpeche aksidan militè konsa. Kòmandman kowalisyon ameriken ap dirije a pat itilize sistèm kominikasyon ki anplas nan sans sa a anvan li te desann avyon siryen an, dapre kominike militè ris yo.

Malgre deklarasyon ris sa a, yon gwo jeneral nan lame amerikèn, Joseph Dunford te di nan Washington, yap eseye itilize liy telefonik la pou evite aksidan.

XS
SM
MD
LG