Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pap Bay Nasyon Zini Lajan Ankò pou Fon pou Popilasyon an (UNFPA)


Aktrs ak Anbasadè pou Fon Nasyon zini pou Popilasyon an (UNFPA) Ashley Judd pandan li tap vizite kan refijye yo nan Zaatari nan Mafraq, peyi Jodani, 10 avril, 2016.
Aktrs ak Anbasadè pou Fon Nasyon zini pou Popilasyon an (UNFPA) Ashley Judd pandan li tap vizite kan refijye yo nan Zaatari nan Mafraq, peyi Jodani, 10 avril, 2016.

Administrasyon Prezidan Donald Trump la ap mete fen nan finansman Etazini te konn bay nan Fon Nasyon Zini pou Popilasyon, pandan li akize ajans sa a kòmkwa li sipòte avòtman ki fèt palafòs oubyen operasyon pou esterilize moun san volonte yo.

Depatman Deta Ameriken voye yon lèt bay Komisyon Afè Etranjè Sena a lendi 3 mas 2017 la pou fè l konnen l ap wete nan bidjè li 32 milyon 500 mil dola ki te la pou fon an.

Lèt la fè konnen ajans la, ki rele UNFPA, travay ansanm ak Komisyon Sante Nasyonal ak Planning Familyal Lachin, ki ekzekite politik Peken ki ekzije pou moun fè sèlman 2 timoun ki limite kantite timoun yon koup ka genyen. Depatman Deta fè konnen li pwal mete lajan sa a nan swen sante mondyal ke Etazini sipòte.

XS
SM
MD
LG