Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon nan Kongrè Ameriken an Pa Jwenn Prèv ki ta Montre Prezidan Obama te Mete Telefòn Mesye Trump sou Tabdekout


Manm Komisyon Sèvis Sekrè chanm depite ameriken an rejte pou mank fondman akizasyon kòmkwa ansyen Prezidan Obama ta mete telefòn kandida Donald Trump sou Tabdekout.
Manm Komisyon Sèvis Sekrè chanm depite ameriken an rejte pou mank fondman akizasyon kòmkwa ansyen Prezidan Obama ta mete telefòn kandida Donald Trump sou Tabdekout.

Akizasyon prezidan ameriken an, Donald Trump lanse pou l di komkwa, prezidan ki te vini anvan lan, Barack Obama, te pase lòd pou fè mete telefòn ni sou tab dekout pandan kanpay elektoral Novanm pou vòt 2016 la, se yon akizasyon ki san fondman: se konklizyon manm wo-plase Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depute a publiye mèkredi 15 mas 2017 la.

Depite repibliken Devin Nunes, ki se prezidan komisyon an, pale pou l di:

"Nou pa jwenn okenn prèv ki ta montre sa k di nan akizasyon sa a se la verite; afè tab dekout la se pa yon bagay ki te rive vrèman. Mwen pa kwè moun te fè plase telefòn espyonaj nan Trump Tower a ki te sèvi kòm katye jeneral kanpay kandida Trump la, nan New York."

Pi gwo demokrat nan komisyon an, Depite Adam Schiff, dakò ak Depite Nunes. Misye Schiff deklare:

"Jis moman map pale la a, mwen pa wè okenn prèv kòmkwa Prezidan Obama te pase yon lòd konsa; pawoò kap pale de tabdekout la pa gen okenn fondman."

XS
SM
MD
LG