Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Reyaji Kont Desizyon 2 Jij Federal Pran pou Bloke Dekrè Modifye sou Imigrasyon an

Pwokirè Jeneral Bob Ferguson, nan mitan, kanpe avèk avoka Noah Purcell, agoch, ak Chèf Inite Dwa Sivil la Colleen Melody pandan yon rankont ak laprès. Foto: 15 mas 2017.
Pwokirè Jeneral Bob Ferguson, nan mitan, kanpe avèk avoka Noah Purcell, agoch, ak Chèf Inite Dwa Sivil la Colleen Melody pandan yon rankont ak laprès. Foto: 15 mas 2017.

Lamezon Blanch kritike sevèman 2 tribinal federal yo poutèt yo bloke dekrè modifye Prezidan Etazini an Donald Trump te siyen lendi 6 mas 2017 ki mete entèdiksyon kont vwayajè kap soti nan 6 peyi a majorite Mizilman. Yon jij federal nan Hawayi ak yon lòt nan eta Merilann te pran desizyon pou bloke dekrè a ki te gen pou antre an vigè jedi 16 mas pase a.

Tribinal federal la nan Honolulu, kote Jij Distri Derrick Watson te bloke totalman dekrè revize sou entèdiksyon vwayaj Prezidan Donald Trump te siyen nan dat 6 mas e ki ta pral antre an vigè mèkredi 16 mas 2017.

Jij federal Derrick Watson nan eta Hawayi te sèvi ak pwòp deklarasyon Mesye Trump ak pwòch kolaboratè li yo te fè anvan e apre eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. Dapre Jij Watson, aksyon prezidan ameriken vyole yon atik nan manman lwa peyi a ki fè ekszijans pou tout desizyon gouvènman ap pran repoze dabò sou yon baz layik e non pa relijyon.

Pou tou le 2 jij federal yo nan 2 diferan rejyon yo Hwayi ak Merilann, aplikasyon dekrè prezidansyèl reprezante diskriminasyon kont yon relijyon.

XS
SM
MD
LG