Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chili a, Michelle Bachelet, Retounen nan Peyi l Apre yon Vizit Kèk Èd Tan ann Ayiti

Lidè Chilyen an, Michelle Bachelet, kenbe yon kado li te resevwa pandan yon vizit nan "Ecole Nationale Republique du Chili" nan Pòtoprens, Ayiti 27 mas 2017. (Foto: Reuters / Jeanty Junior Agustin)
Lidè Chilyen an, Michelle Bachelet, kenbe yon kado li te resevwa pandan yon vizit nan "Ecole Nationale Republique du Chili" nan Pòtoprens, Ayiti 27 mas 2017. (Foto: Reuters / Jeanty Junior Agustin)

Lidè Chilyen an, Michelle Bachelet, te fè yon chita pale ak Chèf Deta Ayisyen an, Jovenel Moise, sou retrè twoup peyi li a nan Misyon Lapè Nasyon Zini pou Ayiti a, MINUSTAH.

Prezidan Chili a, Michelle Bachelet (agoch) ak tokay li Prezidan Ayiti a, Jovenel Moise, kap mache apre yon rankont nan Palè Nasyonal. Pòtoprens, Ayiti, 27 mas 2017.( Foto:REUTERS/Jeanty Junior Agustin)

Peyi Chili gen anviwon 400 sòlda nan misyon la pè l ONU ki nan peyi a depi lane 2004, ane kote yon soulèvman ame te fòse Jean Bertrand Aristide kite pouvwa a. Pandan ane 2016 la, gouvènman chilyen an te deja anonse li pral retire twoup militè li yo ann Ayiti.

Dapre enfòmasyon ki soti nan biwo prezidan chilyen an, dat pou retrè militè yo fikse pou 15 avril 2017.

Vizit Madam Bachelet lendi 27 mas 2017 la tonbe nan moman Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Antonio Guterres, fè rekòmandasyon pou tout 2.370 militè MINUSTAH yo kite peyi a. Kontenjan militè MINUSTAH a gen ladan sòlda ki se moun 19 peyi nan lemond.

Prezidan Chili a, Michelle Bachelet, pandan li tap rankontre a twoup militè MINUSTAH yo, Ayiti, 27 mas 2017.
Prezidan Chili a, Michelle Bachelet, pandan li tap rankontre a twoup militè MINUSTAH yo, Ayiti, 27 mas 2017.

Chèf deta chilyen an reyafime angajman peyi li pran pou kontinye kontribye nan devlopman sosyo-ekonomik peyi Dayiti. Madam Bachelet fè konnen li siyen yon akò bilateral avek Prezidan Ayisyen an, Jovenel Moise, nan domèn edikasyon.

Madam Bachelet pandan li tap vizite "Ecole Nationale Republique du Chili" nan Pòtotprens. 27 mas 2017. (Foto: REUTERS/Jeanty Junior Agustin)
Madam Bachelet pandan li tap vizite "Ecole Nationale Republique du Chili" nan Pòtotprens. 27 mas 2017. (Foto: REUTERS/Jeanty Junior Agustin)

​Pandan pasaj li ann Ayiti, Prezidan Chili a te vizite yon lekòl peyi li te ede rekonstri apre tranblemandtè 2010 la nan Pòtoprens, kapital peyi Dayiti a. Dapre sous Palè Nasyonal, Madam Bachelet te fè yon kout pye nan dezyèm pi gwo vil peyi a Kap-Ayisyen kote li rankontre ak responsab militè chilyen ki fè pati konpozant misyon stabilizasyon Nasyon Zini a, MINUSTAH, nan peyi Dayiti.

Klike sou videyo ki anba atik la pou suiv yon ektrè nan deklarasyon Prezidan Chili a, Michelle Bachelet, pandan li tap vizite lekòl ki pote non: "Ecole Nationale Republique du Chili."

Prezidan Chili a, Michelle Bachelet, pandan li tap pale nan "Ecole Nationale Republique du Chili"
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:19 0:00

XS
SM
MD
LG