Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Lansman 2 Aktivite Kiltirèl: 23èm Edisyon ‘Liv an Foli’ nan Pòtoprens/ Legliz Katolik, 'Karavann Maryal' Atravè Peyi


Solis Nadeje Dugravil kap chante ann opera "Le Marijaj Lenglensou ("The Blood Wedding") nan Pòtoprens 19,jen 2006.
Solis Nadeje Dugravil kap chante ann opera "Le Marijaj Lenglensou ("The Blood Wedding") nan Pòtoprens 19,jen 2006.

Minis kilti ak kominikasyon peyi Dayiti a, Limond Toussaint, akeyi 23èm edisyon Liv an Foli, Jounal Le Nouvelliste ak Unibank òganize ansanm. Liv an Foli a ap dire 2 jou, jedi 15 ak vandredi 16 jen 2017 kap vini an nan mize MUPANAH ki twouve l sou chanmas nan mitan kapital la, Pòtoprens.

Òganizatè yo reyalize evenman kiltirèl sa a chak ane nan peyi a. Ane sa a yo fè konnen Odette Roy Fombrun ak Markendy Orcel ap envite donè 23èm Liv an Foli a.

Direktè jounal Le Nouvelliste la, Max Chauvet ak reprezantan Unibank la , Guy Supplice envite piblik la pou patisipe nan evenman kiltirèl la yon fason pou ankouraje ekriven ak atis ayisyen yo.

Lòt nouvel ann Ayiti: Legliz Katolik lanse sa li rele “ Karavann Maryal”

Depi kèk tan deja, otorite Legliz Katolik yo ann Ayiti ap mache de pawas an pawas ak yon delegasyon fidèl ki rele “Karavann Maryal" nan objektif pou yo atire atansyon sou enpòtans "La Vyèj Mari" nan Legliz dapre Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Eveline Adonis.

XS
SM
MD
LG