Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Konfime yon Delegasyon Washington Pral Asiste Envestiti Prezidan Eli Ayisyen an 7 Fevriye 2017


Prezidan eli Ayiti a, Jovenel Moise (PHTK) nan moman li tap fè yon diskou nan Petyon-Vil, tou pre kapital la Pòtoprens, Ayiti, 3 janvye 2017. Foto: AFP/ HECTOR RETAMAL
Prezidan eli Ayiti a, Jovenel Moise (PHTK) nan moman li tap fè yon diskou nan Petyon-Vil, tou pre kapital la Pòtoprens, Ayiti, 3 janvye 2017. Foto: AFP/ HECTOR RETAMAL

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, voye yon delegasyon ann Ayiti pou asiste prestasyon sèman Prezidan eli Jovenel Moise.

Yon nòt ki soti nan Lamezon Blanch fè konnen delegasyon sa a pral gen nan tèt li Minis Thomas Shannon ki responsab Zafè Politik. Delegasyon prezidansyèl sa a ap gen ladan l tou Ambasadè Lèzetazini an Haiti Peter Mulrean ansanm ak Kenneth Merten ki se Direktè Adjwen pa Enterim ak Asistan Sekretè Deta ak Chaje Dafè Emisfè Oksidan an, e ak Omarosa Manigault ki se Asistan Prezidan an ak Direktè Kominikasyon pou Biwo Lyezon Piblik.

Mesye Moise te mennen kanpay li sou banyè Pati Politik Tèt Kale, PHTK ki se pati ansyen Prezidan Dayiti a Michel Matelly. Jovenel Moise te genyen kous prezidansyèl 20 novanm 2016 la kote li te pase sou lòt kandida yo avèk 56 pousan vwa yo.

Nan yon entèvyou li te bay ajans nouvèl Reuters sa pa gen lontan, Prezidan eli ayisyen an te konpare tèt li ak Prezidan Ameriken an Donald Trump. Mesye Moise di:

“ Prezidan Trump menm jan ak mwen se 2 biznisman. Tout biznisman vle wè rezilta.” Li ajoute, “ Poutèt rezon sa yo, mwen espere nou pral mete tout bagay an plas pou nou kapab sèten, nou travay pou pèp nou."

Prezidan eli a pwomèt pou l kreye yon gouvèman ak patisipasyon tout moun. Mesye Moise di, “Nou dwe travay ansanm.” Prezidan eli ayisyen an te fè deklarasyon sa a nan mikwo yon jounalis Lavawdlamerik nan Pòtoprens kèk jou sèlman avan dwoulman eleksyon 20 novanm 2016 yo.

Jovenel Moise ki gen 48 an, se yon òm dafè. Pou kounye a, li gen yon akizasyon blanchiman lajan kap peze sou do l. Mwa pase a, Mesye Moise te pase 4 trèd tan kote li tap reponn kesyon pòt fèmen nan biwo yon jij denstriksyon nan Pòtoprens sou dosye blanchiman lajan an. Prezidan eli a rejte tout akizasyon ki ta vle fè kwè vizit li a se te yon fason pou enfliyanse jij la poutèt li te prezante l nan biwo l san envitasyon.

XS
SM
MD
LG