Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristite Gen pou l Konparèt Devan Lajistis Ayisyèn Anvan Lontan


Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide pandan li tap mennen kanpay pou kandida Lavalas la, Maryse Narcisse, nan Pòtoprens, Ayiti. 21 septanm 2016.
Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide pandan li tap mennen kanpay pou kandida Lavalas la, Maryse Narcisse, nan Pòtoprens, Ayiti. 21 septanm 2016.

Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide ap pare l pou l reponn kesyon kòm temwen devan Jij Denstriksyon Jean Wilner Morin nan kad yon ankèt sou blanchiman lajan. Chèf Pati Lavalas te resevwa konvokasyon sa a paske non Fondasyon li a ta site nan dosye blanchiman lajan an.

Dat konparisyon an devan jij la te fikse pou 26 janvye 2017. Sepandan avoka ansyen prezidan an te soumèt yon rekèt devan Jij Morin pou mande l rekile dat la.

Dapre Mèt Gervais Charles, youn nan avoka Mesye Aristide yo, apati dat 13 fevriye pwochen an, ansyen lidè ayisyen ap disponib pou l al reponn kesyon jij denstriksyon an.

Mèt Charles te reponn kesyon Jean Pierre Leroy sou dosye a.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Mèt Gervais Charlels nan mikwo Jean Pierre Leroy.

Deklarasyon Mèt Gervais Charles nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:38 0:00

XS
SM
MD
LG