Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Bay Pèmi pou Konstwi yon Tiyo Kap Pote Petwòl Soti Kanada pou Rive Ozetazini


President Donald Trump nan biwo Oval la nan Lamezon Blanch. 24 mas 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)
President Donald Trump nan biwo Oval la nan Lamezon Blanch. 24 mas 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)

Administrasyon Prezidan Donald Trump la bay yon pèmi federal pou pwojè manman tiyo petwòl Keystone XL la apre ansyen Prezidan Barack Obama te rejte demann la sa gen 2 lane.

Vandredi 24 mas 2017 la, Depatman Deta Ameriken anonse li akòde yon pèmi pou TransCanada bati tiyo gaz la. Nouvèl aministrasyon amerikèn nan kwè pwojè konstriksyon tiyo gas sa a nan enterè nasyon an.

Nan menm jounen an, Prezidan Donald Trump deklare tiyo sa a ap gen mwens danje pase lòt metòd pou transpòte petwòl yo. Li ajoute pou l di konstriksyon sa a te dwe fèt lontan deja.

Manman tiyo a ap travèse yon distans 1700 mil e l ap transpòte anviwon 830.000 barik petwòl pa jou soti nan vi Alberta nan Kanada pou rive nan Nebraska, Ozetazini.


XS
SM
MD
LG